Jean Frantz Jeanty

Jean Frantz Jeanty obituary, Oakland Park, FL

Jean Frantz Jeanty

Jean Jeanty Obituary

Visit the Pax-Villa USA Funeral Home - Oakland Park website to view the full obituary.

Jodia se ak anpil tristès nan kèm ak yon gwo sikatris poum pale de Jean Frantz Jeanty papam. Papam fèt 16 jiyè 197, nan zònCroix-des-Bouquets, Ayiti. Nan yon fanmi 6pitit. Manman li te rele charitable Josèph , papa li te rele Wilson Jeanty. Li te genyon frè ak 4 sè, papam te yon gason vanyan, travayè, ak plenlanmou pou fanmi li. Li te marye ak madanm li Corina Sagesse,le 26 jiyè 1974, avèk li li te konstwi yon bèl fanmi, kote yo fèsenk (5) pitit ansanm: Kendia Jeanty, Franzy Jeanty, DukensJeanty, Kimberly Jeanty, Francesca Jeanty.

Pi devan, li te vin granpapa pou senk (5) pitit pitit ki se :Estherline Petit Homme, Bradley Petit Homme, Elyora Petit Homme, Elyana Petit Homme, Laurie Shamah Jeanty.

Jean Frantz Jeanty te yon papa ki te renmen pitit li yo ak tout kèli. Depi mwen louvri je mwen sou lavi, mwen te jwenn yon papa ki t ap batay chak jou pou byennèt nou. Se te yon gason ki pa t pè fè nenpòt kalite travay onèt pou pran swen fanmi li. Li tekonn leve bonè, dòmi ta, jis pou asire avni pitit li yo.

An 2010, li kite Ayiti pou al chèche lavi, pa pou tèt li, men pou fanmi li. Sakrifis li fè yo te gwo, men li te toujou mete lanmouak responsablite an premye. Li te yon moun bon kè, saj, ki te renmen tout moun. Li te gen yon lanmou espesyal pou Bondye e li te viv pou fè Bondye plezi. Li te leve tout pitit li yo nan prensip kretyen, ak respè pou lòt.

Li te renmen legliz li anpil, li te renme group dhomme lan anpil, Avan li mouri li mande kote legliz la, just li te vle wè legliz la pou yon denye fwa. Papam pa janm leve tèt li gade moun nan je,li respekte timoun kou granmoun. Avan li mouri li pale avèm li bonm konyèy, li di m kisa lap regret, se yon papa ki te vle avanlmouri, poul te kite tout pitit li ap viv byen. Avan li mouri li pat janm sispann di Dukens fanmi an sou reponsab ou, e mesi pouasistans mwen bay fanmi an.

Pou mwen, papam pa t sèlman yon papa – li te pi bon zanmimwen, konseye mwen, frè mwen, konfidanm mwen, e premyepapa espirityèl mwen. Se li mwen te toujou aljwenn lè mwen te bezwen konsèy,lèm vle dekouraje, se li mwen kann rakonte toutsa map endire nan lavim.

Jodia, papa nou pa bò kote nou ankò. Lanmò li se tankou yonkout kouto k ap chire kè nou. Men, nou pran rekonfò paske li mouri nan bwa Bondye, kounye a espri li ap rejwi ak zanj yo nan syèl là. Papam pa mouri. Li jis ale repoze nan men Bondye. Paske bib la di ak jezi pa gen lanmo se lavi ki pap janm fini

Repoze nan lapè, Jean Frantz Jeanty. Wap viv nan mwen, wap viv nan nou pou toutan !!!

To plant trees in memory, please visit the Sympathy Store.

Pax-Villa USA Funeral Home - Oakland Park

2640 E Oakland Park Blvd, Oakland Park, FL 33306

How to support Jean's loved ones
Honor a beloved veteran with a special tribute of ‘Taps’ at the National WWI Memorial in Washington, D.C.

The nightly ceremony in Washington, D.C. will be dedicated in honor of your loved one on the day of your choosing.

Read more
Attending a Funeral: What to Know

You have funeral questions, we have answers.

Read more
Should I Send Sympathy Flowers?

What kind of arrangement is appropriate, where should you send it, and when should you send an alternative?

Read more
What Should I Write in a Sympathy Card?

We'll help you find the right words to comfort your family member or loved one during this difficult time.

Read more
Resources to help you cope with loss
Estate Settlement Guide

If you’re in charge of handling the affairs for a recently deceased loved one, this guide offers a helpful checklist.

Read more
How to Write an Obituary

Need help writing an obituary? Here's a step-by-step guide...

Read more
Obituaries, grief & privacy: Legacy’s news editor on NPR podcast

Legacy's Linnea Crowther discusses how families talk about causes of death in the obituaries they write.

Read more
The Five Stages of Grief

They're not a map to follow, but simply a description of what people commonly feel.

Read more
Ways to honor Jean Jeanty's life and legacy
Obituary Examples

You may find these well-written obituary examples helpful as you write about your own family.

Read more
How to Write an Obituary

Need help writing an obituary? Here's a step-by-step guide...

Read more
Obituary Templates – Customizable Examples and Samples

These free blank templates make writing an obituary faster and easier.

Read more
How Do I Write a Eulogy?

Some basic help and starters when you have to write a tribute to someone you love.

Read more